Notre Dame du Perpétuel Secours -Patronne d'Haïti

Vous êtes ici : Accueil > Documents > Mesaj > 01 / 12 / 2006

Archives > communiqués

Conférence Episcopale d'Haïti

C E H

56, Angle Rues Piquant et Lamarre, Port-au-Prince – Haïti,
Tél.: 509. 222-4855 / 222-5194
E-mail : ceh@eglisehaiti.org / ceh56@hotmail.com
Site Internet: www.eglisehaiti.org

MESAJ EVEK PEYI DAYITI YO VOYE BAY PÈP AYSYEN BÒ ISIT AK BÒ LÒTBÒ
AK POU TOU MOUN KI GEN BÒN VOLONTE -
Vendredi 1 décembre 2006

 

RÈL TOUT PÈP LA

Nan finansman 93zyèm Asanble Konferans tout Evèk Peyi Dayiti yo, ki te fèt nan Lilavwa,

nan kay kote yo abitye fè reyinyon, soti lendi 27 novanm rive vandredi premye desanm 2006,

Men mesaj Tout Evèk Peyi Dayiti yo voye bay Pèp Ayisyen an.

Mesaj la gen twa (3) koze ladan l :

- Yo kondane aklè tout vyolans, ansanm ak fenomèn kidnapin, kap frape peyi a

- Yo mete tout reskonsab ki gen pou wè yon bagay nan zak sa yo devan reskonsabilite yo

- Yo mete chak Ayisyen devan konsyans yo sou nesesite pou yo travay ansanm pou mete peyia yon lot jan

 

Pou tout Ayisyen, frè ak sè nou, bò isit ak bò lòtbò. Pou tout moun ki gen bòn volonte.
Frè ak Sè nou yo,


1- Nan kmansman mwa desanm 2006, nou antre nan tan Lavan. Men, nou twouve nap viv yon moman kote yon vyolans avèg, ki pa konn moun, ak kraze Pèp nou an. Nan yon moman tou, kote nou wè Legliz nou an ap pase anpil eprèv. Nan yon moman, kote nou wè toujou, kijan moun fin sakaje lanati avèk britalite, ki fè tikrik tikrak, katastwòf tonbe sou nou. Nan moman sa tou, tout sitwayen peyi Dayiti jwenn envitasyon pou yal nan eleksyon. Se nan moman sa a, nou menm, Evèk Peyi Dayiti yo, nou voye mesaj sa a ban nou, pou ankouraje nou jwenn bon wout.

2- « Ou pa gen dwa tiye moun » (Ekzòd 20,13). Sa a se yon kòmandman Bondye. Lavi moun sou tè a, se yon bagay ki sakre, paske se Bondye ki bay lavi. Malerezman, nou konstate, nan tan kounye, plis pase tout lòt tan, lavi moun tounen jwèt. Yo trete moun, kit se gason, kit se fi, ata timoun, tankou nenpòt ki bagay. Yo negosye yo, si w konn se machandiz nan mache.

3- Zak Kidnapin, se pa pale. Moun pa ka konte yo ankò. Pafwa yo mele avèk tòti, kadejak, ansasinay. Yo mennen kèsere ak lapèrèz. Yo detwi lavi moun. Tout kote, yo fè moun pa fye moun. Nou pèdi wout toutbon. Ti rès lespwa ki te rete pou pèp la, sanble li depafini. Devan malè sèk sa, anpil moun se plenn nan kè, anpil lòt se rele anmwe. Yo tout mete ansanm pou yo di : “Nou pa kapab ankò.” Tout fanmi yo ap rele mande sekou. Yap mande reskonsab peyi a, pou yo leve kanpe anfavè yo.

4- Bondye wè lamizè Pèp li a. Li tande rèl soufrans li yo (Ekzòd 3,7). Rél vwa Pèp la sonnen nan kè nou, ak nan zantray nou, nou menm bon gadyen yo. Nou kondane, ak tout fòs nou, vyolans sa a, k ap matirize Pèp la.

5- Koze kidnapin toupatou sa a, vi n tounen yon malè anplis, yo mete sou chay devenn ki tap toupizi nou yo. Se apse sou klou. Lis la lonng :

Vwa rèl bann moun yap voye toune yo, mande peyi kap fè zak sa yo, pou yo aji yon fason ki respekte diyite moun e ki respekte lalwa. Nan kolonn moun yap depòte ba nou yo, san gad dèyè, gen anpil ki gen tan bay sye yo ak kouray yo, pou peyi kap depòte yo a. Nan mitan kad pwofesyonèl nou yo, peyi lòtbò rale anpil nan pi bon yo. La mizè menm, bò kote pa nou, vi n tèlman gwo, pa gen non pou ba li. Ensekirite anvayi tout kote. Kounye a, li parèt pi rèd, anba dra kidnapin.

6- Fenomèn kidnapin nan sanble tèt kole ak yon gwo antrepriz, byen òganize, byen kanpe. Mezanmi ki kote bagay sa a soti ? Reyèlman vre, se pa yon bagay ki fèk parèt. Men sa ki tou nèf ladann, se moun ki kache ap òganize l anba anba tout kote. Sa ki tou nèf ankò, se jan kidnapin nan gaye tou patou. Pi rèd toujou, se mas lajan yo ekzije pou lage yon moun, lajan moun nan pa janm posede. Nou gen dwa mande tèt nou : ki moun kap voye al fè zak sa yo? Ki moun ki kache dèyè krim sa yo, pou yo vin rich ? Kote yo jwenn garanti pou yo aji konsa ? Ki kote bagay sa a soti ? Jiski kote na rive pou nou jwenn rasin malè sa a. Èske nou pa ta dwe poze kesyon, sou koze sa a, pou nou mete chak moun devan konsyans yo, san paspouki ?

7- Nou menm, ki ap òganize krim sa yo, epi kap voye moun al fè yo; Nou menm tou, ki aksepte al fè krim sa yo, nan fè vyolans, nan fè kidnapin, nan fè kadejak, jous rive pou nou ansasinen moun, se la vi nap detwi. Se sèten nou renmen lavi pa nou. Tanpri, kenbe ti klate limye, ki nan konsyans nou toujou. Kase tèt tounen. Kite chemen krim ak lanmò.

8- Dirijan pèp la, nou menm ki gen gouvènay peyi nan men nou, èske nou jwenn yon bon mwayen, epi èske nou sèvi avèk mwayen sa a, pou frennen epi rive fini ak move sitirasyon sa a ? Antouka, moun poko wè bon rezilta. Nou mande nou tanpri : Pran desizyon serye, pran dispozisyon byen kalkile, sèvi ak mwayen ki kòrèk, pou nou bay sekirite, nan jan ki pi bon, pou lavi moun ak byen tout moun.

9- Nou menm, Reprezantan Kominote Entènasyonal la, èske zak nou poze jouskounye a, pote yon chanjman pozitif nan fenomèn kidnapin nan peyi Dayiti ? Èske nou pa kapab pote yon pi bon kontribisyon pou nou fini ak malenng sa a ?

10- E nou menm, gason ak fi, pitit tè sa a, ki sa nou vle fè ak peyi nou an ? Men tan eleksyon yo rive ! Nou gen okazyon pou nou chwazi anpil dirijan, nan plizyè nivo, nan peyi a : Vòt la, sa vle di nou pral chwazi yon pwogram ki bon, nou pral chwazi konpetans, bagay ki onèt, bagay ki se laverite, ki fè nou wè yon moun ki bliye tèt pou sèvis lòt yo. Tout sa yo, se bon bagay, ki pa mele ak kòripsyon. Ayiti vle chape nèt nan men piti li yo. An nou kraze tout divizyon. An nou elimine tout rankin. An nou viv linite, tan pou nou ret ap pale sou linite. An nou mete Entere Peyi a ak Byen Tout Moun pi wo pase enterè, endividi, enterè yon pati, osinon enterè ti gwoup moun.

11- Legliz la envite nou, nan tan Lavan sa a, pou nou tann Sila a kap vini an, esitou pou nou prepare gwo evennman sa a : Sovè a kap vin fèt nan mitan nou. Pèp la ap tann, avèk anpil lespwa, Mesi sa a kap vini an. Janbatis se dènye pwofèt Ansyen Testaman ki anonse Mesi a. Li voye yon mesaj pou mande tout moun konvèti, pataje youn ak lòt, fè tèt ansanm : « se pou sila a ki gen de rad pataje ak sila a ki pa genyen. Se pou sila ki gen dekwa poul manje, fè menm bagay ! » Janbatis envite tout moun pou yo jete lwen tout koripsyon at tout abi otorite : « Pa fè presyon pou rape anyen nan men moun. Se pou kontante w ak sa yo peye w ! » Janbatis ankouraje tout moun pou yo pratike lajistis, epi pou yo respekte tout moun nan tout sa yo ye: « Pa ekzije plis pase sa lalwa mande. Pa fè pèsonn ditò. » Dapre Lik 3, 10-14.

12- Frè ak Sè nou yo, anyen pa janm fin pèdi nèt. Ayiti pap peri. Pran kouraj, pa febli. Bondye toujou fidèl nan tout sa li pwomèt. An nou al jwenn li ansanm. Se pou Lavièj Mari, Manman Bondye, Manman Notredam Pèpetyel Sekou, lapriyè pou nou, mande Bondye chans pou nou, pandan lap mache avèk nou sou wout la vi a!

Port-au-Prince, jou ki 1 desanm 2006.

 

Siyati

 

 

Monseigneur Louis N. KEBREAU, SDB

Evêque de Hinche

Président de la CEH

 

 

Monseigneur Yves Marie PÉAN,CSC

Evêque des Gonaïves

Vice-président de la CEH

 

Monseigneur Joseph LAFONTANT

Evêque Auxiliaire de Port-au-Prince

Secrétaire Général de la CEH

 

Monseigneur Emmanuel CONSTANT

Evêque Emérite des Gonaïves

Conseiller Général de la CEH

 

 

Monseigneur François Wolff LIGONDÉ

Archevêque de Port-auu-Prince

 

 

Monseigneur Joseph Serge MIOT

Archevêque Coadjuteur de Port-au-Prince

Administrateur Apostolique Sede Plena

 

 

Monseigneur Hubert CONSTANT, OMI

Archevêque du Cap-Haïtien

 

 

Monseigneur François GAYOT, SMM

Archevêque Emérite du Cap-Haïtien

 

 

Monseigneur Guire POULARD

Evêque de Jacmel

 

 

Monsigneur Alix VERRIER

Evêques des Cayes

 

 

Monseigneur Willy ROMÉLUS

Evêque de Jérémie

 

 

Monseigneur Chibly LANGLOIS

Evêque de Fort-Liberté

 

 

Monseigneur Frantz COLIMON, SMM

Evêque de Port-de-Paix

 

 

Monseigneur Pierre-Antoine PAULO, OMI

Evêque Coadjuteur de Port-de-Paix

 

 

Mgr Pierre A. DUMAS Evêque

Auxiliaire de Port-au-Prince

 

 

Mgr Simon P. SAINT-HILLIEN, CSC

Evêque Auxiliaire de Port-au-Prince

  Télécharger le Programme PDF ici!
Kreyòll
Français
English
Español
Kreyòl
Français English Español
 
Copyrights © 2004 - 2006 - eglisehaiti.org - Tous droits réservés
Conférence Episcopale d'Haïti
56, Angle Rues Piquant et Lamarre,
B. P 1572, Port-au-Prince – Haïti (W.I)
Tél.: (509) 222-4855
Fax.:(509) 222-5194
E-mail : ceh@eglisehaiti.org
Website: http://www.eglisehaiti.org