Notre Dame du Perpétuel Secours -Patronne d'Haïti

Vous êtes ici : Accueil > Note de Presse > 24 / 01 / 2007

.

Vesyon Kreyol

 

Archives > communiqués

Conférence Episcopale d'Haïti

C E H

56, Angle Rues Piquant et Lamarre, Port-au-Prince – Haïti,
Tél.: 509. 222-4855 / 222-5194
E-mail : ceh@eglisehaiti.org / ceh56@hotmail.com
Site Internet: www.eglisehaiti.org

LEGLIZ NAN PEYI DAYITI AP FETE 125 LANE MIRAK GERIZON PÈP AYISYEN ANBA MALADI VÈRÈT - 24 / 01 / 20067

Prot. 11/2007  

NÒT POU LAPRÈS KI SOTI NAN SEKRETARYA PÈMANAN

KONFERANS EVÈK PEYI DAYITI YO

 

5 FEVRIYE 1882 - 5 FEVRIYE 2007

 

LEGLIZ NAN PEYI DAYITI AP FETE 125 LANE

MIRAK GERIZON PÈP AYISYEN ANBA MALADI VÈRÈT

 

GRAS A KONKOU NOTREDAM PÈPETYÈL SEKOU

 

 

1- Jou ki 5 fevrye 2007 fè 125 lane depi Pèp Ayisyen an, te jwenn mirak gerizon anba maladi vèrèt , gras a konkou Manman Mari, Notredam Pèpetyèl Sekou, dapre sa nou jwenn ki ekri nan liv istwa Legliz nan Peyi Dayiti.

 

2- Monsenyè Louis Kebreau, SDB, ki Prezidan Konferans Evèk Peyi Dayiti yo, mande pou jou lendi 5 fevrye 2007 vin tounen «  JOU KI FÈ NOU SONJE, SA FÈ 125 LANE, DEPI MIRAK GERIZON MALADI VÈRÈT TE FÈT NAN PEYI DAYITI, GRAS A KONKOU MANMAN MARI, NOTREDAM PÈPETYÈL SEKOU. »

 

3- Pou prepare gwo evènman sa a, tout Legliz ak lòt enstitisyon Katolik nan peyi Dayiti dwe òganize yon nevèn lapriyè ak adorasyon devan Sen Sakreman, kòmanse jou samdi 27 janvye pou rive dimanch 4 fevriye 2007. Nan Pòtoprens, nevèn nan ap fèt nan Chapèl Notredam Pèpetyèl Sekou nan Bèlè, a 6 : 30 nan matin, nan lanmès la. Radyo Solèy ap pase nevèn nan. Tout lòt estasyon gen dwa pase l tou.

 

4- Jou lendi 5 fevriye 2007 a midi tapan, nan tout Legliz yo, ya sonnen klòch fè kariyon, a lè Lanjelis, nan mitan jounen an.

 

5 - Jou lendi 5 fevriye 2007, a 2 :00 apremidi, yon prosesyon ap soti nan Katedral Pòtoprens pou monte nan Chapèl Notredam Pèpetyèl Sekou nan Bèlè. Apre sa, ap gen yon benediksyon solanèl sou Pèp Ayisyen an ak sou lavil Pòtoprens. Epi y ap fè Lanmès, menm jan sa te fèt jou ki te 5 fevriye 1882.

 

6- Se pou Mari, Manman Notredam Pèpetyèl Sekou, Manman Linite, jwenn plas li nan kè Pèp Ayisyen an, pou montre l chimen Jezi, Sila a ki se delivrans tè a. Konsa n a rive travay nan tèt ansanm, nan viv nan solidarite, pataj, ak renmen tout frè ak sè nou tout bon.

 

Pòtoprens, jou mèkredi 24 janvye 2007, jou fèt Sen François de Sales, patwon tout Jounalis yo.

 

 

Monseigneur Pierre-André Pierre

Sekretè Pèmanan

Ak Pòt-pawòl Konferans Evèk Peyi Dayiti yo.

 

  Télécharger le Programme PDF ici!
Kreyòll
Français
English
Español
Kreyòl
Français English Español
 
Copyrights © 2004 - 2006 - eglisehaiti.org - Tous droits réservés
Conférence Episcopale d'Haïti
56, Angle Rues Piquant et Lamarre,
B. P 1572, Port-au-Prince – Haïti (W.I)
Tél.: (509) 222-4855
Fax.:(509) 222-5194
E-mail : ceh@eglisehaiti.org
Website: http://www.eglisehaiti.org